MEN DEFI POU STEEM ANN APRANN KONEN PEYIN *ARTIBONITE*

in ayiti •  7 years ago  (edited)

Mwen se nèg latibonit.
Mwen se moun Croix des Bouquets.
Mwen se moun Ayiti.
Vil mwen konen pi byen se SENMAK.
plan_du_ville_de_stmarc.png
LA ville de Saint Marc.
Gen yon president ki te moun SENMAK.
Se president Nissage Saget.
Si ou bezwen konen plis sou istwa
aller li la.
Nan latibonit se koter ki ta dwe senser fè anpil du riz.
Gen yo gwo rivyè ki passe sou depatmen an.

grayline.png
gonaives.png
Premye vil nan latibonitse Gonaives.
epi St-Marc vini apres.
Gonaives pi gwo anpil passer St-Marc.
Gonaives paret pi bel yon epok.
Yon epok gen bagay pou ou fè
ou obliger aller Gonaives en tanke
vil ki chef lieu pou latibonit.
Avek konstriksyon sa ka changer.
Lôt vil ki gwo
Petite riviere de l'artibonite
Verettes
Marchand dessalines
Ennery
Marmelade
Nan yon sens zone sa yo telman nan nord ou ka penser yo nan nord e yo pa fè parti latibonit.
Ancien defunt President Préval se moun Mamlad.

grayline.png
Mwen rapler'm de ti rivye latibonit anvant ane 1985.
palais365portes.png
A lepok se wout terre ki te genyen.
Se yon sel ligne telefon ki te genyen
Mwen pat rete ti rivyè min mwen te passer vacance d'été la.
Li te calm epi la vi a te sembler dous leu ou te timoun.
Pat gen lumyè yon epok ti rivyè.
Mwen songer yo tap meter poto epi yon jou limyè nan tout lari.
Tout moun rele ammweeii.
Apres yo vini mete konteur kay moun.
Parent mwen kite ti rivyè net apres epok 7 fevrier, nou kompran.
Nou aller habiter SENMAK.
Mwen te reter SenMAk deja.
Mwen te kontan rete ak parent mwen.
A lepok anvan mwen te reter ak granma bô papa
epi ak matante mwen.
SENMAK se yon vil mwen gen sou coeur mwen.
place_de_Saint_Marc.png
Sa a se foto morceau nan place SENMAK la.
Li te bel anpil.
Sa vinn changer Leu mwen voyager en 87.
Li toujou rete bel nan lespri mwen.
Rue_fontain.png
Rue sa a lontain te gen teleco ladanl epi apres te gen yon pater dominicain ak poule griyé.
SENMAK se yon vil nan latibonit ki te toujou konkurencer avec Gonaives.
SENMAK a 1h20 de Potoprens si ou konn kouri machine byen.
saintmak.png
Sa se yon vue en grosso modo de vil la.
Ces jours ci vil la pran morne pou li.
Vil la vini pi gwo ak anpil moun Gonaives ki debarquer ladanl a cause probleme dlo.
Vil la tounin yon marché tout koter.

Sou affaire education
Gen anpil lekol.
Frere Herve
Lycee Stenio Vincent
Chez les soeurs st Alvire
Chez George Angus
Gen anpil lekol prive
anpil anpil non yo rater mwen.

blackline.png

Si wap parler de latibonit,
wi wap parler de plantation du riz,
wap parler de anpil bon mango tankou
#mango fil, fransik, ROSALI, blanc e latriye.
Sa ki important anpil se football ki genyien.
#Tempete
#Baltimore
#Racing des Gonaives
Sa yo se yo ki la lontan.
Leu gen yon derby #tempete vs Baltimore
vil la fermé.
Se gwo bagay.
Mwen songer yon jwè #Tempete yo te rele Coubyas
Et mwen songer yon jwè #Baltimore Dorvilus
a lepok jwè football sa yo te plis amateur au lieu profesionel.
Si yon moun gen yon bagay recent vider li sou mwen par commentaire.
Bonne lecture
@zeugen
ZEUGENIMAGE.jpg

Authors get paid when people like you upvote their post.
If you enjoyed what you read here, create your account today and start earning FREE STEEM!
Sort Order:  

Sanblem pa wew pale de lalo ? Latibonit lan gen ladanl vre wi, Mesi paskew patajesa ak mwen, so menm sim poko konn la, m espere fe touris lokal nan promouvwa crypto monnaie e m espere al la. Thanks

Oui LALO gade mwen blye li.
Apres 20+ ane deyo.
Lalo a se nan fyel latibonit li soti tankou yon kote yo rele L'estere, Jean Denis, 5eme section sa yo se peyi lalo.

si wap pale de latibonit ou bliye lalo konnen w poko moun latibonit

  ·  7 years ago Reveal Comment