Léta kap gaspiye lajan

in blanchinsman •  6 years ago 

Edem fè yon ti kalkil matematik senp aprè deklarasyon prezidan sena ki se Joseph Lambert sou radio Vision 2000 ak jounalis Valéry Numa.

1 : Senatè a deklare chak minis gen 5000$ pou lwe yon kay chak mwa.
Kidonk nou gen 18 minis sa ap bay :
5000 x 18= 90.000 $ chak mwa pou lwe kay pou minis yo selman .
Sa ki ta vle di pandan 1 an :
90000 x 12 = 1, 080, 000.00 $

2 : senatè a te kontinye pou di kay Premye Minis ak Prezidan Repiblik la koute 9000$ pou yo chak e se chak mwa yap peye kob sa.
Si nou pran yo 2 à ansanm sa ap bay :
9000 x 2 = 18, 000.00$ chak mwa
Sa ki ta vle di pandan 1an :
18000 x 12 = 216, 000.00$

3 : Prezidan sena a toujou ki tap pale di jounalis konsa. Kay kote DG lapolis la rete a koute 6000$ chak mwa.
Sa ki vle di pandan 1an :
6 000 x 12 = 72, 000.00$

Si nou ap fè yon total lajan pèp la ap depanse pou chef sa yo ki ap byen travay pou peyi a avanse sa ap bay :
1, 368,000.00 $ chak ane.

Nou menm jén kap vini yap gaspiye lajan tax nou yo, pou peye lwaye e yo gen kay pa yo ,nou paka manje ni al nan inivèsite, solisyon an se chache mwayen pou nou met Yon bon jistis nan peyi a pou sispann moun sa yo gaspiye kob nou.

Authors get paid when people like you upvote their post.
If you enjoyed what you read here, create your account today and start earning FREE STEEM!