POUKISSA GEN YON SEL LADABEE ?

in hive-183907 •  5 years ago 

labadee.png
(source)

Lè'w ap gadé bèl foto sa a
avek anpil kè kontan ou wè se Ayiti yo yé
ki rele Labadee.
Se yon kote yo amenajé pou touris passé
epi yo pran yon poz ak gwo bato cruise la.

Poukissa tout plaj peyi a pa bèl konsa pou touris
passe nimpôt kote yo vlé?
Anvan mwen reponn kesyon an nan fason mwen wè bagay yo
peyi a soti nan yon lôk kote timoun preske pa allé lekôl pou ané 2019-2020.
Zafè politik se yon fasad pou moun jeré tout pwoblèm yo genyien.

Lôt rezon ankô moun ki gen pouvwa pou li fè peyi a bèl min'm jan ak Labadee
pa wè rezon pèsonèl pou li fèl.
Peyi sa a grandi nan system krab. Youn ap rale lôt dèyè.
Li pi fasil pou mwen vin'n la epi dekri pwoblèm ki genyien.
Sa a se defo tout moun.

Li difisil tout pou moun ki pa jan'm wè bèl pou li fè bèl bagay.
Mwen ta swete ta gen yon pwogram pou minnin ti moun lekol nan Labadee
jou ki pa gen bato ki vini.
Sa ap enkouraje touris lokal.
Sa a enkouraje lôt zôn nan peyi a bati bèl plaj ki bèl anpil epi gwo bato ka vini.

Pale ak wè se de.
Rezoud pwoblèm Ayiti pi fon toujou.
Pran konsyans epi lagé tout bagay nin men Letènèl.

Authors get paid when people like you upvote their post.
If you enjoyed what you read here, create your account today and start earning FREE STEEM!