Bonjou Tout moun, nan defi aprann peyi sa a nap fe sou steemit lan, mwen vle prezante Depatman pam lan kise Grandans, Mwen espere mwen ba nou ti lide sou kisa Depatman sa a ye e enpotans li nan peyi a.
Grandans se la ke jeremi ye anpil moun plis pale de jeremie an, depiw potoprens moun lan plis dil se moun jeremi, menm sil soti nan nimpot seksyon tankou: Les Irois, Anse D'hainault, Dame marie, Chambelan, Moron, Marfranc, Abricot, Bonbon, Pestel, Corail,Bomont.
Jeremi se yon vil ki bo lanme majorite kote m sot site la yo bo lanme, kidonk moun la viv de peche anpil, Jeremie se yon vil ki baze sou agrikilti anpil, plantasyon Kafe, cacao, Banan. Se jeremie ki pote pifo Manje nan kapital nou k tande tt moun ap temwaye sa.
M patap k pale de jeremie sim pa pale de Konparet ak Tomtom. Tomtom lan se lam veritab la yo pran yo bouyil epi yo pilel nan pilon apre sa yo fe sos ak kalalou pou yo valel, fom dim ou paka moulen li, Se vale pou u vale li se konsa yo manjel. Konaret la li menm se tankou yon pat epi yo mete anpil engredyen tankou let, farin, kokoye, de manje sa yo se idantite jeremie yo ye.
Jeremie tou se Vil poet yo
Nou konnen nan tan lontan pifo poet haitien yo se jeremie yo soti tankou Emile Roumer, Etzer Vilaire, Edomond Laforest etc... e anpil jen gason ak jen fi nan vil sa tj repite pou konesans yo genyen pou imajine pou ekri text, bel chan, poem elatriye. Si nap pale de jeremie nou paka pa pale de Maurice Leonce, qui gen 95 ans aktyelman se yon ansyen notab nan vil la e ki jiskaprezan ap patisipe nan anpil aktivite kiltirel, foutbol ak lot anko, tou denyeman mwen t jeremie mwen wel poukol ap kanpe taxi moto poul soti
Nan lane 2015 lan yon gro siklon ki rele Matthew t detwi anpil kote nan vil la, moun lot depatman yo t preske fe yon semen san tande Fanmi yo, e anpil laperez t tabli paske yo t menm ap di ke yo pat we depatman, se apre anpil dilijans Prezidan a lepok la kise Privert t ale nan elikopte epi yo t vini ak kek foto de vil la e sete dlo nan je le nou tap gade foto vil sa a.
Men lavi kontinye ap retabli nan jeremi, pyebwa komanse ap repouse, anpil pye lam kite tonbe kontinye ap revini. mesi a Granmet la pousa.
Siw poko konn jeremie minvitew vinn vizitel, moun yo akeyan anpil, apran konnen peyiw vinn fe kek jou Jeremie. wap jwenn otel, plaj, epi wap k vizite tt kote sa yo mwen sot pale la.
Defi pou Steemit, La Grandans pou Ayiti.
gade komen post la byen tombe.
Good Job!!
Downvoting a post can decrease pending rewards and make it less visible. Common reasons:
Submit
ou poko konn la non POuchon. nimpot lew vinn Ayiti map envitew vinn pase kek jou la.
Downvoting a post can decrease pending rewards and make it less visible. Common reasons:
Submit
mwen gen pou male travay la pandan ane sa, m vle ale ede moun yo devlope agrikilti nan zon lan
Downvoting a post can decrease pending rewards and make it less visible. Common reasons:
Submit
map kontan akeyiw, Matthew t fini ak afe moun yo se kounie a nap komanse rekonstwi.
Downvoting a post can decrease pending rewards and make it less visible. Common reasons:
Submit