@positivité

in haiti •  7 years ago 

Yon jou mkontan, yon jou mwen tris. You jou mkontan deske mt egziste, yon jou mregret kout fwet lanati. Lavi pran men w, li diw ann ale pitanm, frekan pou w ta frekan pou diw pa prale, frekan pou w ta frekan pou lavi diw fe a dwat,ou mnm pou fe a goch. Sak pi red la se paskew pa konnen kibo li prale avew. Men , ou paka pa suiv li. Paske lè lavi komanse pasew kek kout koko makak, wa mande papa Bondye sa w fe wap peye.
Men... m aprann siw jwe jwet lavi a vle jwe avew, si w rete pozitif, wpap pedi wout siksè w. Kenbe rev ou , kwe nan tet ou... ... montre lavi ke c ou kap viv li, se pa li kap viv ou.

Authors get paid when people like you upvote their post.
If you enjoyed what you read here, create your account today and start earning FREE STEEM!